Tout legliz Nòdwès yo louvri pòt yo 2 batan jounen Dimanch 5 Jwen 2020

413

Pòdpè___(TRiboLAND) Pa gen pyès legliz atravè depatman Nòdwès la ki respekte dat limit gouvènman an te fikse a, ki se 12 jwen 2020 pou re-ouvèti pòt legliz yo.

Majorite pastè yo deklare ke yo louvri pòt legliz yo jounen dimanch ki 5 jwen 2020 an se plis nan kad yon “Aksyon Degràs” pou eksprime gratitid yo anvè Granmèt la ki te pwoteje yo pandan 4 mwa pandemi KOVID-19 la. Divès legliz te fè prèv adopsyon distansasyon sosyàl ak respè konsiyn sanitè yo. Konsa, legliz ki gen anpil manm yo te oblije fè 2 ou 3 sèvis ou kil pandan jounen an pou respè egzijans sanitè yo.


Paralèlman, konsènan dekrè gouvènman an pran pou fanm marye ak fanm, gason ak gason e ti fiyèt 15 lane kapab demare nan jwèt marèl ak gason; pa gen oken pastè atravè depatman Nòdwès la ki mete yo dakò pou aplike yon parèy dekrè devègonde.

Pastè Hansy Julien

Gen lidè relijye ki menm deklare depi jounen jodi a, Leta a mèt retounen fèmen pòt legliz yo ankò, mete yo nan prizon, touye yo menm jan ak ansyen kretyen lontan yo, sa vle di yo p’ap koube anba dekrè satanik ak abolotcho sa a. Konsa, pou yo menm se sèl Labib ki bousòl yo e gid yo.

Kanta Pastè Hansy Julien k ap dirije legliz Ebenezè nan vil Pòdpè, l imenm tou, li pa t met dlo nan bouch li pou mande Prezidan Repiblik la, Msye Jovenel Moïse, rantre dekrè malediksyon sa a ki pral lage peyi a nan plis tèt chaje, nan plis kòripsyon. Sèvitè Bondye a fè Jovenel Moïse konnen menm Bondye ki te la ayè a, se li menm ki toujou la jodi a.

Kidonk, Bondye pa janm chanje e se menm Bondye sa a ki te frape Paul sou wout Damas la. Fòk Prezidan an fè anpil atansyon paske majorite peyi pandemi sa a ravaje, se peyi ki pa respekte prensip biblik yo, selon Pastè Hansy Julien ki konseye pastè parèy li yo pou yo pa kite Lwa Lajan danse nan tèt yo pou y’ap plede fè yon seri bagay ki depanan ak Pawòl Jewova a. Atansyon pa kapon!

Saint Jean wiskis, TRiboLAND
3600 1195/ 4204 2561

Comments are closed.