Marconi FM: yon lane sèvis kominotè sou kadran radio difuzyon an nan Nòdwès!

371
Ychmuth Corneille, PDG Marconi FM

Demen jedi 30 jwiyè 2020 sa a pral fè Radio Marconi FM k’ap emèt nan vil Pòdpè sou kadran 91.5 lan yon lane depi li antre nan zafè Sèvis kominotè. Kit se nan Wo ak nan Ba Nòdwès, medyòm sa ki deja genyen yon anpwent nan tenasite li pou ofri yon travay total kapital, pa sispann raproche li avèk 10 komen depatman Nòdwès la.

Avèk yon kredo ki chita sou “fòmasyon ak enfòmasyon”, Marconi atravè angajman li ak resous li, pa soti pou konpromèt yon yota nan vokasyon li ki se ekpoze popilasyon 10 komen depatmantal yo fas a yon seri enfo pandan y’ap kontinye jwi yon espas ki rich an fòmasyon tout kalite. Konsèp “me Marco tololo a” dwe kontinye ap fè chemen li nan tout ti kwen lokalite nan Nòdwès!


Provèb la di: ”Ti bout kouto rete vwayaj”. Ak sitiyasyon Kovid-19 la, okazyon an pa gen gran dizè ladan’l! Pandemi a fè tout moun ap laloz nan “fèt pa ka fèt” e kreye anpèchman nan sa ki gen pou wè avèk sosyalizasyon. Pandemi kovid-19 la ki kòmanse fè anpil dega nan peyi Dayiti e ki egzije tout moun 2 pa distans mete sou yon pakèt lòt kontrent anpeche Radio Marconi FM reyalize gwo kichòy apa yon mès Aksyon de Gras ki gen pou chante anndan Radio nan aprè midi jedi 30 jwiyè 2020 an, yon mannyè pou di Granmèt la mèsi, selon PDG Radio a, Mèt Ychmuth Corneille.

N ap raple, 30 Juiyè 2020, se egalman anivèsè PDG Radio Marconi FM, msye Ychmuth Corneille. Konsa, ekip Triboland la ki gen zantray li ki mare ak Marco ap profite envite tout travayè ou teknisyen e repòte enstitisyon tou 2 enstitisyon medyatik yo nan yon 3 pa distans disvètisman “Sable chanpay” pou di Marco ak PDG Corneille “Bonne Fête”.

Saint Jean wiskis, TRiboLAND

Comments are closed.