Mèt Gérard Gourgue: Ayiti pèdi youn pami mèyè pitit li yo!

277

12\04\20

Pòtoprens___(TRiboLAND) Nasyon ayisyèn nan apran avèk yon emosyon afektif jodi vandredi 4 desanm nan, lanmò Mèt Gérard Gourgue, yon ayisyen otantik ki te toujou vle jwe ròl elit li nan kanpe bò kote sa yo ki abuze e oprime.

Profesè Gérard Gourgue te dote de yon ora pou sa li te vo pou peyi Dayiti tankou avoka, politisyen madre, minis jistis, militan dwà moun, kriminològ, profesè chevronye dwà penal, fondatè lig ayisyèn dwà imen, yon edukatè ki pase plis pase 50 lane ap fòme anpil jenerasyon ayisyèn. Pou anpil gwo save, se yon gro mapou ki tonbe; yon kolosal inivèsite ki pati tankou lafumen.

Moun tankou jounalis Lilianne Pierre Paul, ansyen PM Evans Paul, sineyas Arnold Antonin, profesè Victor Benoit se pami yon krèy sitwayen ki eksprime santiman yo fas ak yon parèy dèy nasyonal. Memwa Mèt la ap rete grave pou notoryete li, vètikalite li, imou li, bravou li pou te konbat inikite sosyàl.

Mèt Gourgue ki te fèt premye desanm 1925, mouri 3 jou aprè fèt li nan lopital Kanapevè, nan menm strikti medikal kote madanm li te mouri, sa gen 10 lane. Senpati ak tout fanmiy e zanmi ki nan mare ren nan moman sa. Ke nanm li repose an pè!

Comments are closed.