Plizyè imigran ayisyen maspinen kèk sòlda dominiken nan Elías Piña

272

10\20\20

Sen Domeng____(TRiboLAND) yon Lyetnan ak yon Sèjan nan Lame Repiblik Dominikèn nan maspinen anba men plizyè imigran ayisyen ki te atake yo nan El Valle, nan minisipalite El Llano, nan provens Elías Piña.

Sòlda viktim yo ki se: Dezyèm Lyetnan Diógenes Paniagua ak Sèjan Majò José Miguel Ogando Encarnación ke yo te oblije transfere nan lopital piblik Dr. Rosa Duarte nan minisipalite Comendator, nan Elías Piña, yo kite bwa atè anba men yon group ayisyen ke yo akize.

Enfòmasyon yo rapòte ke ensidan an arive fèt nan Forè Macapi, ki localize nan zòn El Valle. Nan yon moman kote ke yo tap fè pewòl pou travayè ayisyen ki tap travay nan vil sa, yo te tou profite pran avantaj pou atake militè nan zòn sa avèk kout wòch e latriye, daprè otorite lokal yo. Sepandan, yon lòt sous rapòte bay TRiboLAND, ke se peye yo pat vle peye yo jan sa dwe fèt.

Tansyon sa yo soulve nan moman yon kriz kowonaviris pa sispan baleye repiblik dominikèn, yon sitiyasyon ki okazyone anpil imigran ayisyen volontèman bay peyi panyòl do.

Comments are closed.