Lapolis ak pakè rive mete men sou de gwo bandi nan depatman nòdwès la.

417


Pòdpè____Nan yon rankont ak jounen lendi 17 out 2020 an, omisè gouvènman pakè Pòdpè a, Jean Volney Belamin “prezante bay lapwès 2 prezime bandi yonn nan ki natif natal Zile Latòti e lòt la soti nan Senlwidinò.

Konsidere kòm de gwo pwason rechèche ki antre nan nas Lajisti daprè chèf pakè Pòdpè a, Destine Joël alyas “Lafimen” akize kòm prensipal bandi kite mete dife nan komisarya Zile Latòti a.

Yon lòt bò komisè gouvènman an prezante yonn nan chèf gang Senlwidinò “Level” ou Pierre Richard Nestor ke yo konsidere kòm yon lòt gwo pwason Tazan ki mete vil Senlwidinò tèt anba depi plis pase yon lane.

Pou fini, kòmisè a soulinye estrateji pakè ak lapolis ap miltipliye yon mannyè pou rive mete fren ak demaske bandi kap simen latroublay lanwit kou la jounen sou depatman Nòdwès la. Nap raple, sa pa gen lontan yon group sitwayen te desann nan vil Pòdpè pou proteste kont otorite leta yo kap kalewè anba je bandi ki pa sispann fè krim nan Senlwidinò.

Genson HYPPOLITE

Comments are closed.