Festi Kolò nan Kap Ayisyen, imaj yo soulve gwo kesyon sou respè, limit ak valè sosyal yo

263
0
Share:
TRiboLAND

04/06/2026

Kap Ayisyen, Ayiti _____(TRiboLAND) Aktivite Festi Kolò ki te òganize jodi dimanch 5 avril la nan vil Kap Ayisyen ap fè anpil pale nan mitan popilasyon an apre plizyè imaj ak videyo devègonde sikile sou rezo sosyal yo.

Nan kèk nan imaj sa yo, yo wè jenn gason ap mete koulè sou jenn medam yo pandan gen jès fizik ki depase senp animasyon an. Konsa, anpil moun denonse zak drivayèz sa yo kòm yon fòm asèlman seksyèl ak mank respè anvè fanm yo. Sitiyasyon sa a deja louvri yon gwo deba sou kesyon limit, konsantman ak fason aktivite piblik yo dwe òganize.

Pandan kèk jèn fanm te sanble alèz ak atmosfè fèt la, lòt moun sou rezo yo mete aksan sou lefèt ke sèten jès sou pati sansib nan kò yon moun pa dwe banalize, menm nan kad yon aktivite kiltirèl oswa lwazi. Daprè temwayaj ak imaj yo, yon jenn demwazèl te espesyalman make atitid li lè li te refize jwèt peze tete ; kèk jès li konsidere kòm deplase ou sansal. Pozisyon sa a jwenn anpil sipò ak bravo nan mitan moun ki kwè respè tèt, dinyite ak limit pèsonèl dwe toujou pase an premye.

Dosye sa a soulve kesyon enpòtan sou wòl fanmi, òganizatè aktivite yo ak otorite piblik yo nan sansibilize jenès la sou kesyon konsantman, etik sosyal ak konpòtman nan espas piblik. Anpil obsèvatè estime li enpòtan pou yo fè plis edikasyon sou diferans ki genyen ant libète ak libètinaj, pou pwoteje dinyite tout moun epi ede bati yon sosyete kote lwazi pa janm tounen sous abi oswa imilyasyon.

Anpil moun rete kwè lajistis ta dwe pouswiv responsab aktivite peze tete a, ak tout drivayèz retay fanm ki tap pwofite jwèt satouyèt la.

Share:

Leave a reply