Arestasyon yon kadejakè 22 lane sou yon ti inosan minè 15 lane

190
0
Share:
TRiboLAND

01/04/2022

Wanament______(TRiboLAND) La jistis nan tèt kole ak lapolis arive poze lapat sou yon jèn gason 22 lane nan kad aktivite yayad seksyèl ilegal sou yon minè 15 lane nan Wananment.

Operasyon fòs lòd yo fèt jodi madi 4 janvye 2022 a, nan yon otèl nan vil Wanament nan depatman Nòdès peyi Dayiti. Selon enfo yo, ajan PNH yo te arive pwosede ak arestasyon yon pwezume kadejakè 22 lane ke yo akize kòm moun ki te nan jwèt sisinay ak yon minè 15 lane nan yon otèl.

Selon yon seri temwen ak “zenyè renmen sa”, yon parèy kout file arive reyalize gras ak yon fouy zotobwe lajistis ak lapolis yo tap fè vil Wanament. Li enpòtan pou konnen, lapolis ak lajistis nan vil Wanament dekrete la pèmanans dèyè pwopriyetè otèl sanvègòyn yo ki louvri pòt yo yon fason pou minè vin banboche. Konsa, dapwè gwo zotobre sa yo, genyen gwo sanksyon ki pare kont pwopriyetè amoral sa yo kap simaye zak drivayèz.

Pou fini, byen ke lapolis ak lajistis pako ka rive bay idantite endividi 22 lane a, sapa anpeche pou koulya li twouvel dèyè kat miray.

Share:

Leave a reply