DCPJ pwosede ak arestasyon ansyèn direktris SNGRS la, Magalie Habitant

367
0
Share:
TRiboLAND

Pòtopwens, Ayiti_____(TRiboLAND) DCPJ entèpele ansyènn direktris jeneral SNGRS la, Magalie Habitant. Se konsa, TRiboLAND aprann atravè yon sous ki pwòch annafè, te genyen gro pèkizisyon ak desann dèlye ki ta’l fèt lakay li aprè arestasyon li jodi jedi 9 janvyw 2024 la, vè 1è aprèmidi a.

Motif arestasyon madam Magalie Habitant an, jiskaprezan poko devwale, daprè yon sous anonim bò kote PNH la. Sepandan, anpil moun ta sispèk ke tout rale mennen vini sa yo, gen anpil pou wè avèk dosye Lakou Dèkont ki te endekse madam nan apati yon arè debè ki te pèmèt CSCSCA a konstate yon gro magogo 38 milyon goud detounman ki fèt nan gagotaj ki fèt atravè yon seri vyolasyon ak move regleman nan SNGRS.

Antouka, nap raple, pakè Pòtopwens te mete aksyon piblik an mouvman apwè li te konvoke madam Magalie Habitant nan mwa fevwiye 2022

Share:

Leave a reply