Ajan BSAP nan Leyogàn mare kon krab yon jèn gason ki tap koupe yon pye lam veritab

681
0
Share:
Triboland

Leyogàn, Ayiti ______(TRiboLAND) Ajan BSAP (Brigad kap siveye è pwoteje yo) nan komin Leyogàn mare kon krab yon jèn gason jodi mèkredi 16 jiyè 2025 lan, moman yo jwenn li tap koupe yon pye làm veritab ki te chaje ak làm, san otorizasyon. Dapre deklarasyon jennòm sila, li pat okouran si yo entèdi pou koupe pye bwa. “Se lavi m’ap chèche”, dapre sa pwezime koupab la deklare.

Daprè ajan BSAP yo, aksyon sa yo mete anviwònman an an danje epi yo pap tolere okenn zak ki kapab mennen nan destriksyon resous natirèl oubyen biodivèsite peyi a.

koupe yon pye làm ki kapab itil pou plizyè ane, ak tout làm nan, se yon zak malonèt ou ekotrisid anvè anviwonnman ak moun e zannimo kap viv ladan’l. Malgre chanjman klimatik ak dega peyi a konnen nan koupe pye bwa, fenomèn koupe pye bwa pa sispann lakay, anplis otorite pa janm pran oken mezi serye kont yon tel pwatik.

Share:

Leave a reply