Zak vyolans gang ame kontinye ap elaji nan Lwès peyi: yon krèy moun blese ak 2 lòt touye e bwile nan Kafou

248

11\27\20

Kafou, Pòtoprens____(TRiboLAND Pandan ke zòn Mahotyè 79 nan Kafou asyeje anba afrontman ajan PNH ak group gang sangwen kap simen latèrè, plizyè moun de pran bal e 2 endividi bwile ou kalsine nan zòn Sous Kowosòl ak Do Karyann.

Selon abitan yo ki rete fèmen lakay yo depi byen bonè devanjou, konfime ke ajan PNH ki t’ap troke kònn avèk group gang yo oblije chape poul yo akoz kapabilite ak sofistikasyon zàm bèl longè bandi yo.

Sous TRIboLAND ki souplas fè eta de yon resistans farouche bò kote bandi yo ki ta detèmine pou ofri yon batay san mèsi kont fòs lòd yo. Yon lòt sous ki vle rete anonima fè eta de dife ki ta pran nan plizyè kay aswè a nan katye tankou zòn Chapantye ak Besso.

Comments are closed.