Mwens pase 26 moun blese nan yon aksidan machin sou wout Jeremi a

1,498

08-21-2022

Chato, Jeremi, Ayiti______(TRiboLAND) Yon gro tonton aksidan okazyone mwens pase 26 moun blese sou wout Jeremi a, pami yo genyen yon demi douzèn ki blese gravman grav maten jodi dimanch 21 dawou 2022 a, nan yon lokalite ki rele “Chato”.

Aksidan sa ki enplike otobis konpayi transpò “Dieu qui décide” ki tap trese lèl nan moman li tap pran yon pant ki finalman voye l nan yon falèz, daprè kèk temwen jouda ki te sou plas nan moman dràm nan.

Konsa, pami viktim yo, ou jwen plis fanm ak timoun; yo te transpòte yo nan lopital Sen Antwànn pou swen ke ka yo merite. Nap raple, otobis la tap kite depatman Grandans lan pou direksyon Pòtopwens.

Comments are closed.