Ansyen Senatè Jacques Sauveur Jean (Jackito) mande prezidan dominiken an Luis Abinader fèmen fwontyè a san gade dèyè

860

09-29-2023

Ferye, Ayiti ____(TRiboLAND) Nan yon vizit TRiboLAND fè jedi 28 sèptanm 2023 nan fèm Jackito a, ansyen senatè, Jacques Sauveur Jean ankouraje Abinader kenbe fwontyè fèmen sa gade dèyè; konsa, sa ap ede sitwayen ayisyen yo fè plis bwas pou miltipliye plis kanal.

Jackito ale pi lwen pou di ke agrikiltè yo ap bezwen bon jan semans pou yo kapab pwodwi.

Chantè kapwa fè konnen egalman, youn nan lòt batay enpòtan ke l’ap eseye antreprann, lòt batay moman an se chèche louvri tout pò nan peyi a ki fèmen yo, yon mannyè pou Ayiti ka vire do bay Repliblik Dominikèn e refè komès ak lòt peyi nan rès monn lan an granmoun.

Comments are closed.