Depatman Nò: arestasyon yo gwo chèf gang nan Katye Moren

0 590

Katye Moren____(TRiboLAND) Se nan lanwit Vanderdi pou rive Samdi 25 Avwil, ajan PNH yo nan depatman Nò peyi a resi arive mete men sou pwezime gwo chèf gang Shadah a ki se Yacinthe Mackendy alyas “Pouchon”.

Pouchon ki genyen 31 lane, te nan mawon pou lapolis e sa pa gen lontan li te resevwa yon bal nan men lapolis e te oblije al refijye nan Kadouch, seksyon kominal Katye Moren kote ke yo arive mete men sou li.

Selon kèk sous onèt, pwezime koupab la te gen avèk li youn nan chofè li nan moman arestasyon an.

Leave A Reply