Yon operasyon fòs lòd yo nan vil Gonaiv fasilite arestasyon 3 fanm ak 2 gason kòm prezime kidnapè

283

11\27\20

Pakè vil Gonayiv ak la polis mennen yon operasyon jounen vandredi 27 novanm 2020 an nan vil Gonayiv. Konsa, yo rive arete 5 endividi pami yo 3 fanm 2 gason pou enplikasyon yo nan zak kidnaping ki te fèt sou Litana Saintima nan riyel Flerisen nan Gonayiv.

Arestasyon sa fèt nan zòn Pon Gaudin nan rantre sid Vil Gonayiv. Gen lòt prezime kidnapè ki gen tan kite vil la yo pran direksyon Nò peyi a. Se komisè gouvènman vil Gonayiv la Mèt Serard Gasius ki tap dirije operasyon an ak ajan UDMO yo. Prezime kidnapè yo arete yo se:

1- Jean James 24 lane li soti Lakil nan komin Gwo Mòn
2- Rosan Dificil 17 lane, moun Pon Godin, Gonayiv
3-Toussaint Soul
4- Manio Jean 23 lane moun Bigo
5- Aristilde Noelda 18 lane, moun Pòdpè

Prezime kidnapè sa yo repon kesyon SDPJ nan site endepandans lan, vil Gonayiv.

sous ak kredi: Rezo jounalis ayisyen, Gonaiv



Comments are closed.