Pou pipiti 1 moun mouri anba kout zam, 3 lòt blese, se bilan zak kriminèl gwoup gang Savyen yo nan depatman Latibonit.

926

12-18-2023

Sen-Mak, Ayiti__(TRiboLAND) Bandi yo nan depatman Latibonit lan pa deside chome. Se nan anviwon 7è yè dimanch 17 desanm 2023 a, bandi Savyen yo ouvè zam sou yon ti bis ki asire trajè Gonayiv/ Sen-Mak, ki okazyone plizyè blese.

Bilan yo vrèman katastwofik. Chofè ti bis la ki se moun Ti Rivyè Latibonit, e ki gen non jwèt li, T-Po pèdi lavi li san konte anviwon 3 lòt pasaje ki blese gravman grav.

Dapwè enfòmasyon ki rive jwenn nou nan sal redaksyon nouvèl TRiboLAND, bandi yo ta ouvè kout bal sou ti bis la nan zòn Mowopèy, se apre yo te fin mete bon jan kontwòl sou blennde PNH la, ki nan Kafou fèy.

Pa janm bliye objektif bandi yo se rive reprann kontwòl wout Nasyonal la!

Comments are closed.