PNH nan vil Pòdpè an dèy

280

11\25\20

Pòdpè_____(TRiboLAND) Yon ajan polis nasyonal ki pote non Dominique Nelson e ki afekte nan komisarya Pòdpè mouri subitman jounen jodi mèkredi 25 novanm 2020 a, daprè enfomasyon ke TRiboLAND rekeyi nan bouch kèk temwen okilè.

Moun ki te sou plas fè konnen se moman polisye a tap moute yon moto epi li di chofè a li santi yon malèz pandan li desann e bwit sou kou li sot tonbe. Konsa, li pa pran kèk segonn pou li te gentan trepase daprè temwen yo ki tap depoze.

Nelson mouri a laj 51 lane; li kite tout yon fanmi ap kriye. Enfomasyon ki pa sispan sikile ta fè kwè se maladi opresyon opresyon ak divès lòt konplikasyon ki pote’l ale.

Ensidan malere sa a rive nan entèval 2 zè aprè midi. Konsa, aprè konsta legal kadav la avèk Jij Eddy Gervé, kadav la te transpòte nan mòg imakile konsepsyon pou swit nesesè.

Jehrbson PETIT, TRiboLAND

Comments are closed.