Louitz Amyot François, ansyen Depite Pòdpè a, di latè babay

967

07-28-2023

Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Byen bonè jedi 28 jiyè 2023, nouvèl lanmò ansyen depite sikonskripsyon Pòdpè a, ki te nan 49èm lejislati a, mache pòs li e di late babay. Daprè divès sous, Me Amyot mouri pandan li tap sibi yon entèvansyon chirijikal lakay vwazen, Repiblik Dominikèn.

Louitz Amyot François se te avoka nan nan Bawo Pòdpè a, ansyen komisè nan pakè Pòdpè a, anseyan ak ansyen depite ki te okazyone anpil machwè gonfle ak ensatisfaksyon (mache anfè Podpè a e latriye) nan mitan popilasyon site Kapwa Lamò a. Nouvèl lanmò li maten an pèmèt divès zòn nan site Kapwa Lamò an, anbranl. Ansyen depite a, te pase yon bon bout tan li pat gaya ditou, ditou.

Amyot, ou devan, nou dèyè’w! Ke nanm ou repoze nan lapè etènèl.

Comments are closed.