Prezidan chinwa a finalman, Xi Jinping felisite Joe Biden

340

11\25\20

Peken____(TRiboLAND) Nan yon telegram ke li mete deyò jodi mèkredi 25 novanm 2020 an, daprè medya eta Peken yo, prezidan peyi Lachin nan, Xi Jinping felisite nouvo prezidan Etazini an, Joe Biden pou kòkenchen viktwa li ranpòte nan eleksyon prezidansyèl amerikèn yo.

“Tou 2 peyi yo dwe evite tout konfli ou konfrontasyon e eksprime respè mutyèl nan yon espri koperasyon yon fason pou promote yon koz ki nòb ki se lapè ak devlopman,” daprè Xi Jinping nan telegram nan.

“Developman relasyon amerikano-chinwaz estab ak sen dwe toujou fondamantal nan enterè tou 2 peyi yo,” daprè prezidan chinwa a. Vis-prezidan chinwa a Wang Qishan te egalman felisite nouvo omològ amerikèn nan, vis-prezidan elu Kamala Harris, daprè ajans prèS Xinhua.

Yon felisitasyon ki fèt 2 semèn aprè felisitasyon majorite prezidan nan lemon adrese a Joe Biden fas ak viktwa li devan repibliken Donald Trump.

Comments are closed.