System Band pran yon gwo kou: Isnard Douby kraze yon kite sa!

1,688

09/09/2021

New York________(TRiboLAND) Nan jou sa yo, plizyè gwo chantè nan HMI la pa sispan kite dlo nan je fanatik muzik ayisyèn an; koulya se kou pa chantè ou maestro gwoup muzikal System Band an, Isnard Douby ki di lemonn babay jodi jedi 9 septanm 2021 an nan peyi Etazini.

Menm jan avèk maladi dyabèt ki pote egalman ale chantè pwensipal òkès Septentrional la, Yvener Etienne semèn sa, Douby tap pran lanm ak maladi dyabèt e tap resevwà swenyàj depi kèlke mwà. Atis la tap viv nan New York depi lane 1980, se la li te fonde gwoup muzikal System Band apwè yon pakèt eksplwà nan fòmasyon muzikal Les Frères Dejean nan peyi Dayiti.

Lanmò Douby se yon gwo kou ki sekwe System Band jous nan zo! Ke nanm Isnard Douby repoze nan lapè!

Comments are closed.