Konsèy prezidansyèl tranzisyon an chita pale ak ansyen Depite Jerry Tardieu sou zafè Konferans Nasyonal ak Konstitisyon an

06 – 25 – 2024
Pòtoprens, Ayiti ____(TRiboLAND) Nan yon rankont ki prezide sou lobedyans Smith Augustin, Konsèy Prezidansyèl tranzisyon an chita pale ak ansyen Depite Jerry Tardieu jodi madi 25 jen 2024 la. Nan rankont sila, manm KPT yo chita ak ansyen palmantè a e gade kijan yo kapab lanse chantye kap pèmèt peyia abouti ak Konferans Nasyonal la, ak pèspektiv ki genyen pou manyen Konstitisyon an.
Otorite yo prevwa divès aks ki kapab mennen peyia nan wout objektif sa yo, tankou: mete sou pye yon komite pilotaj ki pral jwe wòl sipèvizè, etap ki kapab mennen vè yon nouvèl Konstitisyon, fè Konferans Nasyonal la ki kapab pèmèt rasanbleman tout ide yo.
Peyia nan yon sitiyasyon difisil, rankont sa se yon etap kap mennen nou nan yon bon refòm. Refòm konstitisyonèl ak konferans nasyonal se yon pwojè nasyonal ki konsène tout moun.
Pèp la bezwen chanjman, yap tann yon ale mye kap mennen yo sou chimen devlopman!






