Soulajman sikilasyon: Gran Sen-Domeng pral genyen 2 pon adisyonèl

249

11\23\20

Sen-Domeng____(TriboLAND) Gro tonton abouteyaj ke chofè yo te toujou ap fè fas nan moman pou yo te travèse kat pon ki konekte Sen-Domeng Ès (SDE) avèk Distrik Nasyonal (DN) pral gen amelyorasyon avèk 2 nouvo strikti ki, daprè minis Travay Piblik la, Deligne Ascención ki konfime ke se yon seri projè ke li bay priyorite. Nouvo strikti sa ak lòt pral fasilite ranplasman pon flotan an.

Minis adjwen Nelson Rafael Colón deklare ke genyen plizyè ajans kap fè yon seri etid preliminè sou yon apèl dòf pou konstruksyon yon pon ki pral fèt ant pon Sánchez ak Bosch.

Colón fè konpran ke strikti ke y’ap pale a, pral pran an pati komodite yon seri rout akoz lajè yo. “Travay yo ap gen pouf ranch plis ke 800 mèt pou yo kapab rejwen 2 pwent yo, e y’ap genyen kat ale. L’ap travèse Ciénaga nan Distrik Nasyonal ak katye Oksijeno nan Sen-Domeng Ès la.”

Comments are closed.