Avèk presyon popilè, ajan PNH yo nan Jakmèl oblije mate yon tantativ kidnapping ki ta sanble lye ak yon ajan USGPN

236

Jakmèl_____(TRiboLAND) Machin kidnapping sispèk ke lapolis nan vil Jakmèl te sène e kite’l chape jodi dimanch 22 novanm 2020, se veyikil yon ajan USGPN, yon pitit depatman Sidès la.

Daprè nan yon bat bouch prese prese ke li fè ak laprès sou sitiyasyon tantativ kidnapping sa ki gen pou wè ak 2 jèn gason (Peralson Laguerre 17 lane e Louiderson Delcis 15 lane) nan zòn Oranje nan Jakmèl, , Delege depatmantal la, Pierre Michel Lafontant deklare ke yo gentan jwen enfòmasyon tout moun ki patisipe nan kou kidnapping 2 jèn ti inosan yo; li remèsye polpilasyon an ki ede lapolis ratrape yo.

Mesye Lafontant ki tap bat bravo pou vijilans popilasyon an, rapouswiv pou’l di ke genyen yon sispèk ki deja anba men lapolis; yo sezi machin nan e yo trase yon lòt sispèk ke yo konnen trè byen ki ta sanble se pitit depatman an e avan lontan enfòmasyon yo ap gen pou disponib pou laprès.

Pou koulya, 2 ti inosan viktim yo trouve yo nan komisarya Jakmèl la ansanm avèk manman yo kote ke yap reponn kesyon DCPJ ak Komisè gouvènman an.

Nap raple polisye yo ta dwe genyen envèstigasyon ki pandye sou tèt yo tou, notamman fason ke yo te prosede pou kite nan yon premye tan machinn 4Runner sispèk numero imatrikil BB-28371 la sove.

Pi gro kesyon an, pou ki sa yo retire plak machin nan?

Comments are closed.