Premye minis Jouthe anonse entèdiksyon sikilasyon machin vit filme atravè peyi a

304

03/04/2021

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Nan lide pou konbàt fenomèn kidnapping nan otorite ayisyèn defakto pran yon seri san nanm ki pa pwouve ke genyen volonte ak konpetans pou mete yon pwen final nan flewo sa ki efondre peyi Dayiti.

Nan yon seri desizyon Konsèy Superyè Polis Judisyè a pran apati yon seri arete 28 fevriye 2021 dènye, Premye minis Joseph Jouthe anonse apati samdi 6 mas 2021 ke sikilasyon tout machin vit filme entèdi nan tout peyi a; esèpte machin ofisyèl ki genyen nouvo plak jon yo, kò diplomatik ak konsulè yo. Konsa, yon moun ki ta vyole yon parèy dispozitif, ap fè fas ak yon seri kontrent legal swivan Kod woutyè ak lwa penal la. Jouthe ajoute, menm polisye yo pap kapab kondwi machin filme.

Akote nouvèl dispozisyon sa yo, gouvènman defakto a, dezòmè entèdi yon seri kontenè kap transpòte bagay pèsonèl moun debake sèlman nan Kap Ayisyen avèk Pòtoprens; konsa, se ministè Ekonomi ak Finans ki pràl asure enplemantasyon dispozitif sa yo, san konte minis ak dirèktè jeneral yo ansanm ak lòt antite nan enstitisyon piblik yo pràl degaje yo kon mèt Jan Jak yon fason pou dispozitif sa aplike pou machin “SE ak 1T” yo.

Jouthe espere wè patisipasyon ou supò popilasyon an nan denonse machin kap sikile san plak ak vit filme nan numewo: 3838 1111, 3839 1111 e nan 122, apati vandredi 5 mas 2021.

Kritik yo pat menm tann anons premye minis Jouthe la fè chemen li, yo te deja voye jete dispozitif sa yo ke yo kalifye rizib ak jwèt timoun, maladwà, pope trèl ak chanson ke moun pa sispan tande deja. Kèk ansyen depite, kalifye ke se yon pouvwa defakto ki pa fè prèv konpetans e ki anpann pawòl. E yo menm kalifye pouvwa PHTK, kòm yon ekip voryen e initil kap fè fas ak yon secherès panse kritik.

Yon chèf gang kap feraye nan depatman Lwès peyi a, ki rele “Ti Lapli,” pase anba betiz latriye dispozitif sa yo. Li raple otorite defakto swadizan kap dirije yo ke “ Fyèv la pa nan dra a.” Konsa, sa dirijan maladwà yo pa kriye kote mò a ye a! Pou anpil moun, se lave men swiye atè lè ou entèdi machin vit filme alòske kidnapè yo ki anpil fwa itilize machin ou plak ofisyèl leta ak konsulè, toujou kagoule. Ki lojik timoun piti sa! Se vre, yo vle entèdi vit filme se pou moun kapab detekte anndan machin kidnapè yo; men moun ap toujou pakab idantifye yo si yo kagoule. Anplis, pou ki sa gouvènman an pa deside rezoud pwoblèm kidnapping nan anndan gouvènman pito; paske selon yon seri viktim ou temwen, majorite zak kidnapping yo ta sanble genyen pou wè avèk pwòch pouvwa a kap itilize plak ak machin leta.

Gouvènman defakto Jovenel Moise la, se inik antite ki responsab kidnapping nan. Si li genyen volonte pou eradike yon parèy fenomèn, li nesesè pou yo pran bonjan dispozitif djanm nan sen gouvènman an kont sa yo kap itilize kouvèti imunitè yo pou yo ap fè krim pou antre gwo magogo lajan ameriken nan men moun ki deja ap naje nan labou ak yon 70% chomaj.

Premye minis Jouthe ta sanble bliye ke li te deklare ke li abitye konvèse nan telefòn ak bandi yo; e ki sa gouvènman konte fè ak gro eskandal kidnapping ki te enplike 2 senatè PHTK ki toujou an fonksyon jounen jodi a? Ajoute ak sa, pou ki sa lapolis ap kontinye matrake popilasyon an kap manifeste kont kidnapping e kouri kase fèy kouvri sa nan defann machin kidnapè ke yo kenbe?

Antouka, li difisil pou moun kwè ke gouvènman sa gen onènètete ase pou li ta asèpte konbat pwòp tèt pa li nan zak kidnapping ki konplètman mete pouvwa defakto a toutouni!

Comments are closed.