Òganizasyon Stop-Aksidan fè sòti bilan Aksidan sikilasyon yo, pou peyi dayiti pandan 2 dènye semèn mwa janvye a.

1,104

228 endividi viktim nan aksidan sikilasyon, se bilan Stop-Aksidan pou 2 dènye semèn mwa janvye a.

01-17-2023

Pòtoprens, Ayiti_____(TRiboLAND) Sòti nan dat premye janvye 2023 pou rive 17 janvye 2023, òganizasyon Stop-Aksidan fè konnen yo anrejistre anviwon 228 ka viktim atravè 10 depatman jewografik peyi Dayiti. Pami viktim sa yo, nou jwenn 39 endividi ki pèdi lavi yo ak 194 ki blese grav.

Òganizasyon Stop-Aksidan bò kote pa li, fè konnen yap travay pou redwi kantite aksidan sikilasyon yo epi kontinye sansibilize chofè machin ak motosiklèt yo sou konpòtman yo dwe genyen sitou lè yap kondwi.

Comments are closed.