Lekòl fèk louvri, sikilasyon deja bay gwo tèt chaje nan Pòdpe

09/22/2026
Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Apèn lekòl yo rekòmanse nan vil Pòdpe pou ane akademik 2026-2027 la, pwoblèm sikilasyon an deja retounen sou tab la. Ak ogmantasyon kantite elèv, paran, pwofesè ak lòt itilizatè wout yo, plizyè aks nan vil la ap fè fas ak anbouteyaj epi blokaj ki rann deplasman an pi difisil, sitou nan lè lekòl yo ap antre ak soti.
Divès sitwayen eksprime enkyetid yo sou sitiyasyon an, sitou akoz posiblite aksidan ki ka ogmante lè sikilasyon an pa byen òganize. Yo mande otorite responsab yo pran mezi ki apwopriye pou kontwole mouvman machin ak pyeton yo, pandan yo ankouraje chofè yo ak lòt itilizatè wout yo fè plis pridans nan zòn kote timoun yo ap sikile.
Sitwayen yo mande tou pou otorite yo idantifye epi libere aks ki bouche yo, yon fason pou fasilite sikilasyon an nan diferan katye vil la. Pou yo menm, yon pi bon jesyon trafik, sitou nan moman antre ak sòti lekòl, kapab kontribye nan diminye blokaj yo epi limite risk aksidan. kesyon an rete sou mezi otorite yo pral pran pou amelyore sikilasyon an pandan ane akademik la.






