Apati lendi 7 septanm, afichaj pri ap fèt an goud atravè tout peyi a

296

09\05\2020

Pòtoprens___(TRiboLAND)  Aprè diskisyon avèk plizyè patnè komèsyàl sou kesyon respè pou aplikasyon dispozitif ki  pran sou afichaj pri an goud sou tout bagay tankou peye lwaye, frè eskolè … PM Joseph Jouthe anonse ke dispozitif sa ap antre anvigè sou tout tèritwa nasyonal la demen lendi 7 septanm 2020.

Daprè Premye Minis Joseph Jouthe ki tap depoze nan yon pwen de près yè vandredi a; objektif la se arive ranfòse disponiblite dola vèt la pou yon seri tranzaksyon ki gen pou wè avèk enpòtasyon ki pral fasilite yon ralantisman nan tansyon malmakak deviz sa.

“Afichaj pri yo ap efektye an goud e yon parèy dispozitif ap antre anvigè lendi 7 septanm 2020 anba kontwòl gouvènman an atravè tout peyi a”, daprè Alatèt Primati a, Jouthe ki fè eta de yon seri lòt desizyon ki danse kole ak aplikasyon afichaj la tankou: enjeksyon 150 milyon dola nan Banque République d’Haiti sou mache echanj yo ak kontwòl sou depans publik yo yon fason pou evite deblosaj nan finansman pou defisi.

Comments are closed.