Gro lapli kap tonbe depi fen mwa avwil 2024 lan, mete sikilasyon nan Grandans nan ti soulye’l

808

05 – 03- 2024

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Gro lapli kap tonbe depi fen mwa avwil 2024 lan, rann lavi pi difisil pou majorite a, sant komèsyal vil Jeremi an enpwatikab akòz dlo ki anvayi lari a ak magazen yo ki ofri pwodwi premye nesesite yo.

Gro lapli toransyèl sa yo, ki toujou ap bale wouze e menm kapote atravè katòz komin depatman Grandans lan, pa sèlman koze dega materyèl tankou wout yo ki andomaje davantaj, jaden devaste ak pèt konsiderab zannimo ki bay anpil men nan machwè.

Grandans ap mouye e menm depatcha ak labou depi plizyè jou; alòske otorite lokal yo, sitou nan nivo Pwoteksyon sivil, pa anrejistre moun mouri pandan deblozaj entanperi yo.

Comments are closed.