11 sispèk nan asasinay Jovenel Moise la jwen arestasyon yo anndan anbasad Tywann nan Pòtopwens

537

07/09/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Polis anketè ayisyèn kap fè bwàs sou asasinay pwezidan defakto Jovenel Moise la, arete yè jedi 8 jwiyè a 11 sispèk anndan anbasad peyi Tywann ki nan Pòtopwens.

Dapwè yon kominike anbasad la, lapolis ayisyèn te antre nan anbassad la pou rapouswiv sispèk yo. Se yon operasyon ki te fèt vè 16è (2000GMT) e yo te arive pwosede ak arestasyon 11 sispèk yo avèk suksè san oken kraze bwize ak bouch gonfle.

Tywann, ki se yon pwovens separe peyi Lachin, genyen relasyon diplomatik avèk omwens 15 peyi, e pami yo Ayiti. Nan yon deklarasyon ke “Joanne Ou” ki se yon rapòtèz pou Afè Lòt bò Dlo pou peyi Tywann fè nan kotidyen “Taiwan News” : “pèsonèl anbasad la te pantan sou yon gwoup nèg ame ki te kouri antre nan perimèt sekirite espas la. Moun sa yo te arive fwanchi barye suveyans lan e kouri antre nan lakou a. Se konsa, apwè vyolasyon sa, pèsonèl la te oblije rele lapolis ayisyèn”.

Anbasad Tywann kalifye asasinay Jovenel Moise la kòm yon zak “babar e kruyèl”. Dapwè lapolis ayisyèn, yo deja arete 17 sispèk nan yon parèy zak, e genyen 2 nan yo ki se Ameriken-ayisyen e 15 lòt yo se Kolonbyen.

Gwoup ki arive touye Jovenel Moise la te genyen apepwè an total 26 bandi batayè, dapwè direktè polis nasyonal la, Léon Charles ke anpil ayisyen panse li menm tou ansanm avèk pwemye minis a.i. Claude Joseph ta dwe anba envestigasyon egalman.

Comments are closed.