Federasyon ayisyèn foutbòl, resevwa yon montan 2,528,750.00 dola, pou patisipasyon grenadyè yo nan Mondyal 2023 a, nan peyi Ostrali ak Nouvèl-Zeland.

1,071

2.528.750.00 mil dola, se montan ki rive jwenn ekip foutbòl feminin ayisyèn nan, kap gen pou patisipe nan kad 9è edisyon Mondyal kap gen pou òganize nan 2 peyi nan kontinan Oseyani an, sòti 20 jiyè pou rive 20 dawou 2023, kap vini la.

06-08-2023

Pòtoprens, Ayiti______(TRiboLAND) Federasyon ayisyèn foutbòl resevwa anviwon 2 milyon senk san-ventwit mil, sèt san senkant dola ameriken, pou patisipasyon medam yo, nan kad 9è edisyon Mondyal foutbòl feminin kap gen pou òganize nan 2 peyi nan kontinan Oseyani an, nan dat 20 jiyè pou rive 20 dawou 2023.

Montan sa a nou swete ki ede ekip foutbòl fiminin nan, fas ak latriye pwoblèm yap fè fas kare, pral itilize pou peye frè patisipasyon ak preparasyon pou ekip foutbòl sila sèlman, epi tout lòt konsiderasyon yo tankou, kouvri frè pou anviwon 50 moun kap gen pou konpoze delegasyon foutbòl feminin ayisyèn nan, se zafè FIFA.

Nan sans sa a, FIFA fè konnen, chak jwez kap gen pou patisipe nan gwo chanpyona sila, dwe san dout, resevwa pou pipiti 30 mil dola.

“Kòb la dwe depanse nan foutbòl”, se deklarasyon FIFA ki konte fè odit sou administrasyon ak jesyon Fon sila, aprè òganizasyon Mondyal medam yo, nan 2 peyi nan kontinan Oseyani an.



Comments are closed.