Atak bandi sangwen sou yon bis ki te chaje ak pè: ajan lòd Jeremi yo vide yon bandi atè e mete anba kòd twa lòt

251

11\22\20

Jeremi_____(TRiboLAND) Bandi atake samdi 21 novanm 2020 nan vè size nan aswè yon bis ki nan yon lokalite ki rele Ladig. Machin nan ki tap transpòte yon krèy pè katolik t’ap fè tèt pou Mafran, depatman Grandans peyi a.

Daprè kèk konrespondan nan vil Jeremi, pè yo ki te pran nan twa wa pèdàm t’ap trese lèl jiskaske yo te arive alèt lapolis e mande sekou. Osito yo te rive sou plas, anpil echaj kout zam pat pran tan pou lage youn nan bandi sangwen yo atè e mete men nan gagann twa lòt.

Théolin Dodly, se inik bandi sangwen ki arive mouri. Li t’ap fè gro echanj kout zàm rondonmon ak ajan lòd yo. Bladimir Odan 27 lane, Simon Odrel 29 lane ak yon lòt ki san idantifikasyon trouve yo koulya anba men Sèvis Depatmantal Polis Jidisyè nan Grandans pou swit legal.

Comments are closed.