Fòs polis nan Jakmèl echwe nan lèse sove yon machin kidnapping nan lokalite Basen Kayiman

260

11\22\20

Jakmèl_____(TRiboLAND) Yon foul moun aliyen pou asiste ak yon show “zonbi blan mannan” ant yon machi kidnapping ak fòs lòd yo jodi dimanch 22 novanm 2020 an nan zòn Basen Kayiman, yon lokalite ki a kèlke kilomèt vil Jakmèl, depatman Sidès.

Fòs lòd yo ki te tap trese lèl yon fason pou te arive kanpe machin sispèk yo ki te arive tronpe vijilans plizyè ajan ki aprè tap tire dèyè machin nan. An reyalite, li ta sanble se piblik la ki tap endike fòs lòd yo sa pou yo fè tankou tire kouwoutchou machinn nan yon fason pou te anpeche sispèk yo derape.

Group polis la pèdi tras 2 bandi ki ta sanble kidnappe 2 ti jèn gason ak sandal nan pye yo daprè enfòmasyon ke lapolis chwazi pa pibliye. Li yon kesyon yon machin vit tinte ki ta sanble soti Pòtoprens, daprè kèk sous ki pa finn klè. Pou anpil moun, yon parèy senaryo sanble tèt koupe ak yon konbinezon ki pou te fasilite sispèk yo kraze rak. Fòs lòd yo ki tap laloz ak machin nan arive ki te li ale lib e libè anba je piblik la ki te finn aroyo nan kanton an tou pre pòs polis Basen Kayiman an.

Nan yon dezyèm tantativ pou ansèkle machin kidnapping nan, nan zòn Kalafon; se te asure pa sèten. Antouka, se reyèlman regretab ke moun ki plase pou bay sekirite, pat arive metrize ou ansèkle yon machin kidnapping ke popilasyon tap denonse.

Comments are closed.