Lapolis nan Grandans mare tankou krab Loudner François pou zak asasinay

898


05 – 21 – 2024

Jeremi, Ayiti _____(TRiboLAND) Lapolis nan depatman Grandans lan, mare tankou krab Loudner François jodi madi 21 me 2024 la, paske li te asasinen Milien Litherné nan dat 13 me ki sot pase a, epi lage-l nan yon Rivyè.

Fanmiy viktim lan ki tap chèche-l depi plizyè jou te rive jwenn kadav la 4 jou aprè zak la. Loudner François trouve-l pou konnya nan gadavi komisarya Jeremi an, jiskaske rapouswiv jidisyè yo fèt.

Fwape anba zak sila, fanmiy defen an mande otorite yo pou bay fanmiy lan jistis jan sa dwe ye.

Comments are closed.