Nimero 3 nan kò gang “5 segonn” nan, Ti Peter anba men otorite PNH yo

255

11\22\20

Pòtoprens____(TRiboLAND) Aprè ke nouvo Alatèt PNH la, Léon Charles anonse ke enstitisyon lap dirije a pral miltipliye manèv ak strateji pou bay eleman sibvèsif yo mounen pyès yo, Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ) arive mete men nan kòlèt Peterson Benjamin alyas “Ti Peter,” twazyèm gro pilye pami Gran Toryan ki alatèt kò gang “5 Segonn” nan.

Nan yon operasyon DCPJ arive fè nan Sarthe samdi 21 novanm 2020 an, Ti Peter arive jwen arestasyon’l san fè rondonmon. Paralèlman, otorite yo te arive egalman mete men sou 3 sòlda Ti Peter ki pote non: Jackner Delice, Saint-Louis Rosenord ak Francois Inel. Yo jwen tou nan men bandi sangwen yo yon pickup Toyota ki rele Ministè Jenès ak Spò chèmèt chèmètrès.

Tout 4 prezime bandi sa yo trouve yo anba kadna lapolis pou ankèt nesesè sou yon seri zak malonèt tankou anlèvman nan kapital la, daprè responsab DCPJ yo ki tap depoze bay laprès.

Comments are closed.