Nòdwès Sante : Komisyon kap jere Santral Oksijèn nan, monte pri bonbòn yo tèt nèg.

2,899

04-25-2022

Pòdpè____(TRiboLAND) Plizyè pasyan nan Lopital Imakile Konsepsyon nan vil Pòdpè, ak nan diferan lòt zòn avwàzinant yo, denonse movèz jesyon Komisyon kap jere Santral Oksijèn nan, nan lokalite Lapwent Dèpalmis notàmman nan Lopital Beraka, ki deside fè kòripsyon ak kesyon oksijèn nan, pandan yap vann chak bonbòn 750 dola.

Yon desizyon ki leve plim sou do divès pasyan kote yo fè konnen, malgre bonbòn oksijèn nan ap vann tèt nèg sa pa anpeche yo bay zannana pou tizàn; konsa, raketè rezyèz yo ap vann demi boutèy pou boutèy plen, pou n site deklarasyon Cerilia Docteur.

Nap raple ou, avan Prezidan Jovenel Moïse mouri, li te rive enstale yon santral oksijèn nan Lapwent yon mannyè pou te kapab non sèlman anpeche moun ale jis Pòtopwens pou al dèyè oksijèn men tou fini ak zafè moun kap mouri pou kesyon oksijèn.

Li enpòtan pou konnen, kòripsyon ak dezòd kap fèt nan zafè bonbòn oksijèn nan nan Lapwent Dè Palmis deja lakòz divès sitwàyen pèdi vi yo nan depatman Nòdwès la.

Fas ak yon sityasyon parèy mete sou yon pri egzòbitan, Direktè medikal Lopital Imakile a, Doktè Saint Phar, oblije antreprann oubyen devlope yon patenarya ak kèk zanmi nan kapital la yon mannyè pou soulaje sò pasyan yo.

Nap raple ou, pou koulya tout bonbòn yo vid nan Lopital Imakile Konsepsyon pandan ke gwo zotobre yo ap pran plezi sou soufrans malere ak malerèz nan Nòdwès.

Comments are closed.