Byen bonè maten lendi 31 mas 2025 lan, elèv lekòl piblik yo mache fémen pòt lekòl piblik e prive nan vil Jeremi

03 – 31 – 2025
Jeremi, Ayiti____ (TRiboLAND) Pou reklame prezans nòmal ak bonjan fonksyonman lekòl piblik yo nan Jeremi, elèv lise kou elèv fondamantal yo, maten lendi 31 mas 2025 lan, pran lari e mache fèmen pòt lekòl majorite lekòl atravè site poèt la.
Objektif yon parèy mouvman, se reklame prezans pwofesè ke leta ap peye chak mwa pou asire fonksyonnman espas aprantisaj yo kòm sa dwa. Toujou nan sousi pou bay mouvman protestasyon an plis jarèt, elèv protestatè yo te mache ak kadna pou prosede ak fèmti baryè rantre prensipal etablisman yo. Nan sans sila, pou elèv yo pa fè kou rate, elèv yo arive mete crazy glue anndan kadna yo.
Nap raple, kèk enstitisyon tankou Konplèks Administratif la te arive pèdi baryè li ke mesye dam yo lage plat atè.
Mouvman élèv yo, pou lendi 03 mas 2025 lan, pat parèt tro pezib; lapolis pandan diferan pakou te sanble enpwisan fas ak zak aprenan yo ki tap tire wòch, boutèy pou entimide plizyè rezidan ak anplwaye fonksyon piblik kon prive sou pakou yo.






