Yon group manifestan kap prone yon mouvman Bwa kale, manke touye Margalie Habitant

1,101

09-29-2022

Petyonvil, Ayiti____(TRiboLAND) Yon group manifestan ki dèyè yon mouvman ki rele “Bwa Kale” manke pase alenfinitif Margalie Habitant, jodi jedi 29 septanm 2022 a nan Petyonvil.

Selon enfòmasyon yo, nan moman yo tap proteste kont gouvènman Ariel Henry a, yon group manifestan te remake prezans Margalie Habitant nan mitan manif lan ki te chaje  ak moun e ki tap dewoule nan komin Petyonvil nan kad pou rele chalbarik dèyè gouvènman PHTK, twazyèm vèsyon an ki genyen Premye minis defakto Ariel Henry nan tèt li.

Malchans pou ansyen  alatèt SMGRS la, genyen nan manifestan yo ki te egzije pou patizan PHTK a pa pran pa nan manif lan. Se konsa,  plizyè manifestan te mekontan; briskeman yo fè yon va sou li nan rale cheve li, kout pwen, kout pye, kout boutèy e li ta menm pran yon kout pik nan dèyè pandan kèk patisipan ki gen “bon kè nan men” tap fè manèv pou proteje lavi li.

Antouka, grimèl la te arive chape anba men asayan yo e mete van nan vwàl li. Tonbe, leve e peze plis gaz nan kouri, madanm Habitant ak konkou kèk bon pwochen te kouri pran yon moto pou sove lavi li. Antouka, video a montre, madanm lan pase move moman; li te manke yon tikal, pou foul la ki te ankolè pase li alenfinitif.

Malgre video sòlòkòtò a ap fè aviwonn rezo sosyàl yo, Margalie Habitant, ki petèt te toujou sou emosyon, demanti sou yon radyo tout atak ou move moman ke li te subi anba men manifestan yo jounen jedi 29 septanm 2022 a.

Comments are closed.