Sen Lwi Dinò: AJNO rankontre ak lòt mann asosyasyon an, nan kad dynamize metye jounalistik la nan divès komin nan Nòdwès

326

01/23/21

Sen Lwi Dinò_____(TRiboLAND) Se jounen vandredi 22 janvye 2021 an, kowòdinasyon Asosyasyon Jounalis Nòdwès la (AJNO), ki te genyen nan tèt li kowòdonatè jeneral la, Mèt Ychmuth Corneille, pòt- pawòl la, Mèt HYPPOLITE Genson epi Mèt Fatilien Charlestin te rive tanmen yon premye rankont ak lòt manm asosyasyon sila k ap evolye nan rejyon Sen Lwi Dinò.

Pandan rankont sa a, anpil bwase lide te fè sufas. Pami pwen enpòtan sa yo ki te debat ou jwen: tretman y’ap bay jounalis yo nan Nòdwès peyi a, nesesite fòmasyon adekwàt pou divès manm asosyasyon an, ekipman pou jounalis yo ak solidarite sere sere, jan metye a egzije sa ak divès lòt pwen vital ki mete an pèspektiv avni yon près nan Nòdwès ki djanm.

Kowòdonatè Corneille, nan entèvansyon li, te mete anfaz sou enpòtans pou tout jounalis atravè depatman fè yon fwon komen; e pou li menm fwa saa, yo vle antre nan yon demach ki trè serye avèk metye a. Li soulinye ke AJNO vle jete baz pou yon nouvo depa iminan ki pa dwe kanpe nan wout sitou sa ki gen pou wè avèk trètman e distribisyon enfòmasyon atravè depatman an.

Pou Mèt Ychmuth Corneille, entegrasyon jounalis distan yo nan gwo desizyon asosyasyon an se yon etap enpòtan. Konsa, yo pral fè bwas pou elaji prezans ou chan vizibilite yo sitou nan yon seri kontre ki pa genyen direktiv, prezèvasyon entegrite ou respè deyontoloji metye jounalistik la.

Aktivite ou pelerinaj kowòdonasyon an atravè divès zòn ap rapouswiv, daprè Alatèt la ki rete kwè ke “Yon Près ki chita sou kalite ak ekselans” kapab dinamize metye a. Konsa, pwochen vizit kowòdinasyon an pou boske doleyans manm aderan yo, se pral nan komin Basen-ble ak Jan Rabèl.

Comments are closed.