Depatman Atibonit/Selebrasyon :Yon nouvo komisyon jwenn manda pou òganize “Selebrasyon 600 lane” vil Gonayiv.

2,247

06-12-2022

Nan yon nòt ki pote non Mèri vil Gonayiv e idantifye nan nimewo : CM-DBB-MG-001, komite egzekitif kap mennen bak Mèri a, ki genyen nan tèt li kòm prezidan, Donald Diogène, fè konnen yo bay manda ak yon komisyon ki fòme ak jèn fanm e jèn gason nan lide pou òganize “Selebrasyon 600è anivèsè” fondasyon vil sila.
Moun ki fòme komisyon an se:
1-Jeff Charles, prezidan
2-Jean Sergo Christolin , sekretè
3-Rubens Daminthas, responsab kominikasyon
4-Jimmy St- Hillien, delege
5-Dave Mondestin, konseye
6-Adeline, Matayer, konseye
7-Jamesly Aimable, responsable relations publiques.

Nan sans sa a, Komisyon an pral gen pou misyon, poul mete kanpe yon lòt komisyon, kap gen pou devwa mennen tout aktivite ki gen rapò ak istwa, aktivite espòtiv, pwomosyon pou touris ak kiltirèl nan tèt kole ak komite 7 manm nan.

Katèl Mèri Gonayiv la ap fè popilasyon an konnen ke manda yo bay Komisyon an ap rete valab jiska 4 novanm kap vini la a, ki se dat Selebrasyon seremoni 600 lane fondasyon vil sila ki te konstwi depi 1422.

foto: ManGod

Comments are closed.