Bandi atake lakay pastè Job nan Sen Lwi Dinò: yon moun mouri e plizyè lòt blese

288

11\15\20

Sen Lwi Dinò____(TRiboLAND) Yèswa pou rive maten 15 novanm 2020 an, bandi ak zam debake lakay yon pastè trè popilè ki pote non Job Hyppolite Jean nan Sen Lwi Dinò. Atak nèg ame ki pa idantifyàb sa yo te reyèlman anpeche moun dòmi tèlman te gen rafal kout zam ki tap chante san rete nan zòn Boben, nan vil Sen Lwi Dinò.

Bandi yo ta sanble arive penetre anndan lakay sèvitè a, ki ta sanble te byen manche l tou pou resevwa bandi yo ke divès moun ta akize ki soti nan kan Ti Rach, yon chèf gang sangwen ki pa sispan mete dlo nan je moun Sen Lwi Dinò ak nan divès lòt lokalite. Echanj kout zam yo te marye pou yon bon bout tan, alòske Pastè Job ki t ap fè mannèv pou defann tèt li arive lage youn nan bandi yo atè. Sepandan, Job pran 2 bal, youn nan men e yon lòt nan kou; dènye enfòmasyon ki arive jwenn TRiboLAND, konfime lavi sèvitè a pa andanje.

Job Hyppolite Jean, Pastè

Zak malonèt bandi ki te jwenn benediksyon yon ansyen senatè nan depatman Nòdwès la pa piti. Sangwen yo reyèlman kòmanse sekwe tout bon vre depatman Nòdwès nan jou sa yo. TRiboLAND konfime, divès chèf gang ke yo chase nan Sen Lwi Dinò oblije ale opera nan zak asasinay, kidnapping, vyòl, ak vòl sou otobis nan zònn Chansòlm, Basen-Ble, Chanpay, Ti Boukan, Basen-Ble ak Pandi.

Si lapolis nan Nòdwès nan fè jwèt konfyolo pou senpleman pouse do bandi yo pou yo ale opera yon lòt kote, oubyen senpleman mete men sou yo pou raketè nan jistis Pòdpè al fè kòb avèk liberasyon yo, “NOU CHIRE!” Otorite yo gen pou devwa egzekite metòd “zero tolerans lan ki pa ta dwe yon rans.” “Flite yo!” Fòs lòd yo dwe pote batay la nan kan bandi yo; mache pran yo e menm rann lavi fanmiy yo ki nan reselè mizerab egalman.

Sa kap devlope la, dwe entèpele konsyans anpil avoka reselè, sitwayen manfouben, otorite enkonpetan kap kale wès, sitwayen ki pa vle denonse sangwen inyoran ki san pitye pou lavi moun.

Jous nan moman sa, konsta legal yo poko arive fèt lakay pastè Job, kote ke kò sanvi bandi sangwen an ap benyen nan yon basen san!

Comments are closed.