Nòdwès/ Edikasyon: Seminè Fòmasyon nan entansyon Pwofesè Lang Kreyòl klas Fondamantal ak Nouvo Segondè

0 397


Pòdpè___(TRiboLAND) Anseye Lang Kreyòl nan Peyi Dayiti pa yon mens afè sitou si w pat frekante yon Fakilte kote yo anseye kou saa. Pwofesè COLASTIN LOUISSAINT ki gen yon Master nan ” Sciences du Langage ” k ap anseye nan Lise, Kolèj ak kèk Fakilte nan vil Pòdepè e ki konstate echèk elèv Klas Fondamantal ak Nouvo Segondè nan Egzamen Ofisyèl yo, te panse mete kanpe yon tèl seminè pou fasilite tout Pwofesè Lang Kreyòl nan nivo nou sot site la yo; yon bwase lide te reyèlman pwan chè nan mitan yo jodi Vandredi 28 Fevwiye 2020 an nan site Kapwa Lamò a.

Pwofesè Colastin Louissaint



Apwè seminè sila a kote majorite patisipan pat kache satisfaksyon yo, TRiboLAND te gen chans fè tI bat bouch ak entèvenan an pwofesè Colastin Louissaint ki pwal ekspwime rezon ki pouse l mete soupye yon tèl Seminè Fòmasyon.

TRiboLAND: Bonjou pwofesè Colastin Louissaint! Ou sou TRIBOLAND, ou kapab di odyans TRiboLAND yo kilès ou ye?

CL: Avan tout bagay, m salye tout fanatik TRiboLAND yo, espesyalman PDG a “LOULOU” ak tout ekip li ki bwave danje pou rive enfòme popilasyon Nòdwès la; yon Nòdwès ki toujou livwe pou kont li malgre l toujou voye moun pou reprezante l anndan pouvwa a.

Mwen se Colastin Louissaint, pitit natif natal Nòdwès. Mwen gen yon Master an “Sciences du Langage,” mwen se etidyan an Master I nan” Sciences de L’ éducation,” Docimologie.Mwen egalman è yon etid nan Droit Juridique. Mwen fè Sciences de L’ éducation: Lettres Modernes et Les Sciences Sociales. Mwen gen yon etid avanse nan rechèch Zonbifikasyon _ Gwòt_Kilti Ayisyèn e mwen ekri 2 Dokiman ki gen anpil enpòtans ni pou elèv ni pou anseyan ki se:
a) Bibliothéconomie (Éd, Janv. 2020), rechèch.

b) Ann Fòme Timoun yo pi byen ( Éd Fev. 2020) ki se yon Liv KreyòL nan entansyon tout pwofesè onivo Fondalantal ak Nouvo Segondè.



TRiboLAND: Depi kilè ou rantre nan ansèyman?

CL: Fòmèlman, mwen antre nan sistèm edikasyon an depi nan lanne 1999. Mwen te komanse karyè mwen onivo Fondamantal (2èm Sik). Nan lanne 2001, mwen monte nan 3èm Sik. Apwè etid mwen nan “Sciences de L’éducation” opsyon: Les Sciences Sociales, mwen al anseye nan klas Imanitè (3èm Segondè ak klas Segonn). Konsa, mwen gen 8 lanne depi map pwete sèvis mwen nan nivo Fakilte ak Inivèsite.

TRiboLAND: Jounen Jodi a, ou chwazi òganize yon tèl Seminè Fòmasyon, nan ki objektif? Ki piblik ou te rive sible?


CL: Bon, mwen se yon moun ki renmen pataje konesans mwen ak tout moun answit mwen vle fè pwomosyon pou LANG KREYÒL la. Konsa, mwen te rive òganize Seminè sa a nan entansyon tout anseyan kap anseye matyè sa a, Kominikasyon Kreyòl nan depatman Nòdwès la, notàmman nan vil Pòdepè , yon mannyè
Pou n te kapab bwase lide nou ansanm paske anseye kreyòl sitou onivo klas Nouvo Segondè pa yon bagay fasil e ki mande anpil teknik.
Mwen pwofite, moman sa a tou, pou nou te kapab pataje ansanm ak Patisipan yo “Pwogràm Kou Kreyòl la” pou chak klas answit fè yo konnen pou chak sik, chak trimès sa k ta dwe fèt. Seminè Fòmasyon sa a te sible pwofesè Lekòl Prive tankou Piblik kap travay nan nivo Fondamantal ak Nouvo Segondè.

TRiboLAND: Ki atant ou apwè yon tèl Seminè?

CL: Anseye lang pa yon bagay fasil sitou nan peyi nou, Ayiti. Mwen ta renmen wè tout kòlèg pwofesè parèy mwen yo kap anseye kreyol, mete tèt yo ansanm pou yo fòme timoun yo selon nòm ak teknik. Franchman, se dezi mwen, pou mwen ta wè chak elèv ayisyen vinn gen gou pou Lang Kreyòl la menmjan ak tout lòt matyè yo.

Mwen ta renmen tou, apwè jounen Fòmasyon sa a, mwen estime ki chich anpil, menm lè nou fikse lòt randevou, pou tout pwofesè konbat lakay yo ” Le moi” sa nou rele egoyis la. Mwen ta vle fè chak pwofesè konnen, fòk nou fwote lide nou ansanm pou n rive pataje sa nou konnen pou n sa fòme timoun yo pi byen.

TRiboLAND: Si w ta gen yon mesaj pou elèv yo, anseyan yo sitou, ki mesaj li t ap ye konsa ?

CL: Pou elèv yo, mwen konseye yo pou yo gen yon lanmou san limit pou lang matènèl yo (Lang Kreyòl la) paske se youn nan matyè ki kapab ede yo pase eprèv Egzamen Ofisyèl yo. Si w pale yon lang e ou pa konn ekri l, se yon pwoblèm ki mande yon koreksyon. Annou aprann valorize kilti nou (lang nou) paske nan moman n ap pale la, menm memwa travay kapab prezante an KREYÒL.

Kanta pwofesè yo k ap anseye lang kreyòl nan sal klas yo, fè timoun yo renmen answit apwesye nou. Travay ak plis metòd teknik pou yo ka rive gen anvi ak lanmou pou lang peyi yo.

PDG LouLou, mwen menm Colastin Louissaint, m bat bwavo lakontantman pou Jounal an liy sa a (TRiboLAND) kap pèmèt Lemonn Antye dekouvri talan Pèp Ayisyen an, richès peyi Dayiti. Se pou TRiboLAND toujou rete anvi ou vivan, pou l enfòme popilasyon ayisyènn nan, patikilyèman depatman Nòdwès la. Se swè pa m pou TRiboLAND! CHAPO BA!
Mèsi e mil mèsi!


Saint Jean Wiskis, TRiboLAND

Leave A Reply