Ministè Anviwònman : Leta ayisyen ap egzèse abi otorite nan itilize byen prive moun an gro ponyèt nan Pòdpè

308

11\18\20

Pòdpè_____(TRiboLAND) Lè yon moun ak gade degradasyon anviwònman an atravè tout peyi a, ou kapab di ke ministè anviwonman pa egziste atràvè repiblik la; alòske minis, sekretè deta ak sou-sekretè deta ap fè bè yo e tete manmèl la atravè chèk leta e benefis bab e moustache ke yo ap resevwa chak mwa.

Ministè anviwonman se yon bwat leta ki ankouraje moun antre vinn banbile pandan yon anviwonman nasyonal ap deteryore, kòmanse sou edikasyon anviwonmantal rive sou erosion maritim san bliye amenajman dechè ou fatra.

Si li difisil pou direksyon depatmantal anviwonman nan Nòdwès afiche atribusyon l devan popilasyon an ki se: prezèvasyon pak nasyonal yo, devlopman ekotourism, proteksyon rivyè fas ak yon seri plant akwatik, proteksyon yon seri espès (fwi ak zannimo) kap disparèt, proteksyon ou rejenerasyon tè a, amenajman dechè, konbat eksplwatasyon forestyè, pou nou site sa yo sèlman; konsa, ou pa bezwen mande nan ki eta strikti administratif la ye; sitou nan Nòdwès peyi a, lakay Prezidan an ak tout Premye Dam nan.

Nan kad kouvwi nudite fo ministè ke popilasyon an pa menm rekonèt atribisyon yo, Leta ayisyen, kòmanse sou (premye manda rive sou dezyèm manda PHTK (Plonje Haiti Tèt Anba), profite egzèse abi otorite sou yon malere nan vil Pòdpè. Depi 2009 leta lwe lokasyon an; e sou Tèt Kale, yo kale tèt Louise Noel, propriyetè yon kay ki plase nan Ri Benito Sylvain nan Chalè, nan Pòdpè. Direksyon an pase plis pase 10 lane depi ke yo pa onore gaj ke yo te sinye pou itilize espas la kòm bwàt administrativ direksyon depatmantal anviwonman.

Ministè ki kite konchon kap fè moun esplikasyon nan pitan vil Pòdpè a, dwe antan ke lokatè plis pase 10 lane lweyaj swa 185, 000 goud chak ane. Malgre yon seri demach legal atravè diferan sous plizyè minis tankou Mesye Abner Septembre ak P.M. Jouthe Joseph ki chwazi pa janm reponnmèt kay la, daprè Me Job Louis ki se avoka viktim nan ki se Louise Noel.

Sa ki pirèd la, direksyon depatmantal la sabote ou sakaje plizyè chanm nan moman yo te deside kite strikti a. Devan yon pare zak malonèt ak iresponsablite gouvènman an, ki pa soti pou onore dèt li, reprezante legal propriyetè a ap mande popilasyon an pran anpil prekosyon nan sinye lweyaj ak yon parèy gouvènman ki pasispan komèt zak abitrè sous a moun posede. Li mande tou pou gouvènman an pran responsablite moral li fas ak yon parèy deriv ki montre ke peyi a pap administre.

Comments are closed.