Sen Lwi Dinò: Operasyon Lapolis nan Sitwon, yon pwezime trafikan dwòd anba kòd

2,059

12/24/2021

Sen Lwi Dinò_____(TRiboLAND) Popilasyon kap viv nan Sitwon, 2èm seksyon kominal Sen Lwi Dinò te choke le yo te wè yon gwoup polisye te debake sou yo pou te pwosede ak arestasyon yè jedi 23 desanm 2021, Jean Raymond Siméon, yon pwezime trafikè dwòg ke otorite yo tap chèche dig dantan.

Siméon ke otorite yo kalifye kòm yon dealer dwòg ke yo tap chèche pandan yon bon bout tan, jwen arestasyon li san zatann nan moman yon operasyon marasa ki te arive fèt avèk konplisite Pakè Pòdpè a. Genyen plizyè chèf akizasyon ki pandye sou tèt pwezume dwòg dealer a tankou : vann ak posesyon dwòg ak subtans ou stupefyan ilegal.

Anatandan pwosesis legal yo, Siméon riske pase Fèt Nwèl la dèyè bawo!

Comments are closed.