Se probab genyen plizyè atak tèworis nan mitan Kapital Vyèn

246

11\02\20

Vyèn______(TRiboLAND) Yon pakèt gro eksplozyon kreye gro panik lendi swa nan mitan kapital peyi Otrich la, Vyèn. Deblozaj yo arive fèt nan proksimite yon sinagòg nan kapital la daprè Lapolis ki fè eta de plizyè viktim ak plizyè agresè.

Me ki sa TRiboLAND konnen de sitiyasyon Vyèn nan.

  • Li te nan 21 è, anpil gwo detonnman kout zàm sinyale tou pre yon sinagòg nan mitan  kapital la Vyèn.
  • Enf`omasyon yo fè eta de yon krèy agresè te lanse yon atak kont yon edifis relijye ak plizyè lòt ri nan kapital la.
  • Bilan a yon ti jan flou: genyen yon agresè ak yon polisye ki ta mouri, men genyen yon seri sous ki ta konfime ofisyèlman ke genyen jiska 7 moun ki mouri.
  • Genyen youn pami agresè ki leve kouri.
  • Lapolis konfime 6  lye krim paske se plizyè atak marasa daprè sous lapolis yo.
  • Fòs lòd otrichyèn yo anvayi ou ankadre tout kapital la, alòske atak yon pa sispan miltipliye.
  • Genyen plizyè blese.
  • Enfòmasyon pa sispan deplwotonnen nan Otrich.

Comments are closed.