Hench: Otobis Òkès Twopikana sibi yon atak yè swa nan Tomond

0 493

Tomond__(TRiboLAND) Selon yon sous Lapolis nan depatman Hench (Sant) lan, Lapolis ap chèche tankou chyen fou plizyè endividi mal entansyone ki atakè yon otobis Òkès Twopikana yè swa ki te 15 Fevwiye nan kominn Tomond, Depatman Sant.

Òkès la ki ta pral onore yon kontra nan depatman Sant lan, te arive agrese anba yon ti gwoup endividi ke yo pa idantifye. Konsa, kèk vit nan otobis jazz la ta kraze e yon mizisyen arive viktim de yon ti blese, dapwè nòt Òkès la fè soti sou paj facebook li.

Leave A Reply