Yon operasyon Lapolis nan Abriko okazyone lanmò yon bandi gran chemen e yon lòt ki jwen arestasyon

377

11\01\20

Abriko, Grandans____(TRiboLAND) Yon prezime jwen lanmò li nan troke kout zàm ak lapolis e yon lòt jwen arestasyon li jodi premye novanm 2020 an nan Abriko, Grandans peyi a.

Selon yon sous bò kotefòs sekirite PNH yo nan depatman Grandans ki te sou brennzen yo nan chèche boske bandi ou eleman sibvèsif kap nwi bonnanj popilasyon an, patikilyèman nan yon lokalite ki rele Espebak, katryèm seksyon kominal Abriko, Grandans.

Nan yon operasyon muskle ke fòs lòd yo te efektye aprè midi dimanch premye novanm nan, Bouboul ke yo konnen kòm bandi ki pa pote pantalon li pou bèl twàl te rive jwen lanmò li nan troke kòn avèk ajan UDMO yo nan moman operasyon Lapolis nan lokalite a.

Akote prezime bandi sa ki fè vwèl, fòs lòd yo te arive fouke Lionel Jean Louis yon lòt prezime bandi reselè. Yo jwen Lionel te genyen an posesyon li yon fuzi mak Tornado.

Comments are closed.