Popilasyon Ench lan sispèk otorite sangwen yo ap laloz ak Viv Ansanm pou pran kontwòl komin Ench

Ench, Ayiti_____(TRiboLAND) Moun Ench pa bouke mande otorite sangwen yo asistans sekiritè akòz menas gang yo ki vize mete komin nan anba pwojektè vyolans yo. Yon sous ke TRiboLAND kapab fè konfyans, fè konnen ke anpil Gran Toryan nan popilasyon an deklare ke yo pa konnen ki kantite fwa yo ap klewonnen ekip san karaktè ki sou pouvwa a, ki ta sanble ap laloz pou livre plis tèritwà bay bandi parèy yo.
KPT a ak tout gouvènman grate santi Alix Fils-Aimé a, ta sanble vle pati pou yon lòt livrezon tèritwà ankò, selon dènye menas group tèworis la ki se alyé otorite kòwonpi anplas yo. Antouka, nouvèl yo deja pa bay bouch gou; se mareren ak leve kouri ki ta sanble inik rekou yon popilasyon ki san defans.
Nap raple konfyolo gang yo avèk otorite kriminèl yo toujou fèt nan bwigandaj avèk direktè rejyonal yo, alatèt PNH la, KPT ak tout gouvènman kriminèl Fils-Aimé a, ki ta sanble genyen yon agenda kolektif ke yo ap eseye respekte “jan blan an mande’l la!
Nap raple pèp ayisyen an, pa pran medsinn sou kont pentad mawon. Zàm, ekipman ou èd lojistik ak twoup etranjè kap kandale antre nan peyia, san nou pa envite yo, genyen yon objektif ki depaman ak sa popilasyon ayisyènn te espere. Èd entènasyonal yo antre plis nan yon lojik ki pou kontrekare nenpòt ki leve kanpe kont otorite kriminèl yo ak viv ansanm ou nenpòt fòs idyo konplis ki mete nou nan sa nou ye la. Wi yo la pou sekirite; men pa pou sekirite popilasyon ayisyènn nan
Kidonk, popilasyon Ench lan, dwe òganize li inikman sèl; sispan pran nan Chal Oska degize; pa rele gang kravat vinn ba wou sekirite; gouvènman an, PNH la, KPT imoral la, se pwason kraze nan bouyon! Yo antann yo trè byen : nan biznis zam, minisyon, dekrase sakèl Leta, vann inifòm, boule blende ak livrezon tèritwà…






