Gwoup ame atake vil Machan Desalen byen bonè maten an

412
0
Share:
Triboland

Machan Desalenn, Ayiti _____(TRiboLAND) Machan Desalenn, yon vil istorik nan depatman Latibonit, sibi gro atak ame byen bonè maten jedi 17 jiyè 2025 lan, ozanviwon 4è douvanjou. Daprè plizyè sous lokal, nèg Kokorat San Ras yo, yon gwoup ame ki pa idantifye ak okenn fòs ofisyèl, lanse ofansiv la pandan moun yo te toujou ap dòmi.

Temwen rapòte bay TRiboLAND.com ke atak la fèt san zatann, yon sipriz, kote gwo kout zam tap chante pandan plizyè èdtan. Teworis yo boule komisarya a epi mete dife nan machin polis la, sa ki lakoz panik ak leve kouri nan tout vil la.

Yon sitiyasyon ki endinye moun yo nan ansyen kapital peyia, ki malgre efò yo tap fè pou kenbe vil la, ki finalman pran nan gwo kou pa konprann.

Pou kounye a, pa gen okenn bilan ofisyèl sou kantite viktim oswa domaj materyèl, sepandan done preliminè yo montre ke vil la chita sou tansyon, ak anpil fanmiy ki kache oubyen ap chèche sove. Elas, otorite vwayou kap teworize popilasyon ayisyen nan, livre yon lòt teritwa bay teworis parèy yo.

Share:

Leave a reply