Meri Pòdpe a pran mezi restriktif, plizyè anplwaye sispann jiskaske nouvèl lòd

200
0
Share:
TRiboLAND

04/04/2026

Pòdpe, Ayiti ______(TRiboLAND) Meri Pòdpe pibliye yon kominike ofisyèl samdi 4 avril 2026 la, nan objektif pou enfòme tout popilasyon an ansanm ak anplwaye enstitisyon an sou yon seri mezi restriktif ki antre an aplikasyon touswit. Daprè kominike sa ki pote siyati Ralph Moreau, nouvo ajan egzekitif enterimè a; tout anplwaye Meri a sispann nan fonksyon yo depi apre piblikasyon avi sila, eksepte Direktè Meri a, operatè materyèl motè yo ak chèf sèvis sekretarya a.

Nan dokiman an, Meri a presize ke anplwaye ki mansyone nan kategori eksepsyon yo dwe prezante nan pòs travay yo lendi 6 avril 2026 an vè 8è nan maten. Pou tout lòt anplwaye yo, yo mande yo rete tann konsiy Direksyon Jeneral la ki pral fè yo konnen dat konvokasyon yo. Mezi sa a sanble antre nan kad yon reyòganizasyon administratif oswa yon dispozisyon espesyal otorite minisipal yo pran.

Kominike a mete aksan tou sou kesyon kominikasyon ofisyèl la. Okenn moun pa gen otorizasyon pou pibliye mesaj sou non Meri a san siyati Majistra a oswa san otorizasyon fòmèl. Anplis, Meri Pòdpe fè konnen li pa itilize okenn paj oswa kont rezo sosyal ki pa deja anonse ofisyèlman, e pandan peryòd sa a tout mesaj ap pibliye sèlman nan laprès.

Share:

Leave a reply