Kadav pa sispann konte nan kan Lapolis Nasyonal Dayiti nan depatman Lwès peyi Dayiti.

287
0
Share:
TRiboLAND

07 – 05 – 2024

Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Kowalisyon gang Viv Ansanm asasinen pou yon lòt fwa ankò 2 enspektè polis ak yon sivil nan depatman Lwès la nan komin Kafou.

Evènman tris sa a pase, dapwè responsab Sendika Nasyonal Polisye Ayisyen yo, nan dat 04 jiyè 2024 la, nan Akachon 32 patikilyèman nan Ri Genet.

N’ap raple’w ke sepa premyè fwa seri evènman tris sa yo ap rive nan kan PNH la ki pa sispann konte kadav anba bal bandi sangwen ki pa sispann depi plizyè ane ap resevwa zam ak minisyon kap sòti nan peyi Etazini.

Share:

Leave a reply