Popilasyon nan Abriko touye yon prezime bandi e remèt lapolis plizyè lòt

284

11\02\20

Abriko, Grandans____(TRiboLAND) Osito ke pawòl la sikile nan tout ra kwen Abriko, nan Grandans peyi a, popilasyon an pat pran tan pou sèke yon machin sispèk ki tap sikile ak plak Sen Domeng e ki te genyen plizyè bandi ladanl, daprè sa ke popilasyon an revele.

Ou ta di se kamoken ki debake nan Abriko. Popilasyon an te gen tan pran tout sa li jwen anba men li pou te fè fas kare ak bandi yo. Yo arive touye ak manchèt youn nan bandi sa yo ki tap eseye trese lèl.

Yo jwen yon gro tonton zam nan machin nan e yo te finalman metrize e mete anba kòd rès bandi yo e remèt yo bay lapolis.

Moun nan lokalite Abriko ki kèktan yo pa sòti pou lakwa ap antre lakay yo; konsa, yo moute brigad vijilans pou chase je enkoni ou bay bandi sangwen mounen pyès yo.

Comments are closed.